Objektif defansè sistemik yo dekri objektif TAS pral defann pou amelyore administrasyon taks sou non kontribyab yo epi pou adrese pwoblèm sistemik ki lakòz fado kontribyab yo, domaj, oswa yon enpak negatif sou dwa kontribyab yo. Menm jan ak fason TAS idantifye Pwoblèm ki pi grav nan rapò anyèl bay Kongrè a, Defansè Nasyonal pou kontribiyab la mande yon pakèt sous pou ede yo idantifye objektif kle nan defans sistemik yo, ki gen ladan eksperyans anplwaye TAS, tandans nan efò defans ak travay ka TAS, ak entèraksyon ak pratik ak moun ki gen enterè ekstèn.

Objektif defansè sistemik TAS pou ane fiskal 2026 yo se:
- Amelyore Otomatizasyon ak Metrik pou Amelyore Eksperyans Kontribyab yo
- Elaji Fonksyonalite Kont IRS Sou Entènèt la
- Redui tan mwayèn pou rezoud ka asistans pou viktim vòl idantite soti nan prèske dezan pou rive nan kat mwa
- Ranfòse sipèvizyon IRS sou moun k ap prepare deklarasyon taks ki pa etik yo
- Akselere Rezolisyon Sispansyon Nimewo Dosye Otorizasyon Santralize pou Pwoteje Pwofesyonèl Taks yo ak Kontribyab yo
- Konplete Tretman Tout Reklamasyon Kredi Retansyon Anplwaye yo epi Asire Dwa Kontribyab yo Pwoteje
- Amelyore Repons pou Demann Lwa sou Libète Enfòmasyon an
- Ranfòse Endepandans Apèl yo ak Efikasite Operasyonèl yo
- Amelyore Pratik Divilgasyon Kriminèl Volontè IRS la